EKONOMIZE USD$ 5000 nan 100 jou

Bati yon ekonomi nan 100 jou: Aprann kòman pou w ekonomize USD $5000 nan 100 jou. Pase a laksyon kounye a!

Anvan nou pale sou ekonomize USD $5000 nan 100 jou, ann pale sou yon pwoblèm ke anpil moun genyen ak lajan yap sere.

Idantifye pwoblem lan !

kèlkeswa lajan ou sere a, lajan an pa rete SERE.

Yon fwa ou sere kèk santèn oswa dè milye de dola, lajan sa a depanse nan yon bèl bagay ke w vle achte, tankou soulye oswa rad, oswa ou ale nan yon vwayaj.

Pifò moun, yon fwa yo ekonomize lajan pou yon bagay serie, yo finalman depanse l nan bagay ki initil; yo di tèt yo ke pa gen pwoblem pou depanse lajan sa a paske yo te sere li. Pa janm bliye objektif inisyal la, desizyon ki te pwan pou fe ekonomi sa: Fon Ijans kap prepare, kob lekol kap sere, gwo depans, gwo acha elatriye.

Ensousyan depanse lajan sou bagay ki pa nesesè ak lajan yo ekonomize,

sa ki fè yo tounen fe bak anko. Lè ou ensousyan ou rete pòv

Kijan pou w Bati yon

ekonomi nan 100 jou ?

Ensousyan depanse lajan sou bagay ki pa nesesè ak lajan yo ekonomize, sa ki fè yo tounen fe bak anko. Lè ou ensousyan ou rete pòv Metòd epay mwen pral montre w jodia ap ede w evite depanse lajan w ap ekonomize a, epi arive realize USD $5000 epay, ke w ap kapab ajoute nan yon kont epay ki gen gwo rannman.

Sonje byen, nenpòt moun ka itilize metòd sa a, jèn oswa granmoun, nenpòt kote nan mond lan, tout sa ou bezwen se swiv etap ki anba yo.

Men ki jan metòd ekonomi sa a fèt

  1. wap bezwen achte yon pake anvlòp blan bon mache. Ou ka jwenn kèk nan nenpòt magazen bon mache pou mwens pase USD $10. Asire w ke bwat la gen 100 anvlòp: egzanp https://amzn.to/41HfbCE
  2. Ou pral nimewote chak anvlòp soti nan 1 rive nan 100.
    • W ap gen #1, #2, #3, #4 …… #98, #99, #100 ekri,
    • YON NIMEWO SOU CHAK ANVLÒP
    • nan jou #1, wap mete $1 anndan anvlòp ki di #1, ou sele anvlòp la epi mete l nan yon bwat.
    • nan jou #2, ou mete $2 anndan anvlòp ki di #2, ou sele anvlòp la epi mete l nan menm bwat la.
    • jou #3, ou mete $3 anndan anvlòp ki di #3, ou sele anvlòp la epi mete l nan menm bwat la.
    • jou #4, ou mete $4 anndan anvlòp ki di #4, ou sele anvlòp la epi mete l nan menm bwat la.

               ETC… ou fè sa pou 100 jou.

4. Nan jou 100, rasanble tout anvlòp yo , pran lajan an andedan tout anvlòp yo.

5: Konte yo, epi w ap gen $5,050 sere!

Strateji pou emprevi ou ka rankontre nan Bati yon ekonomi nan 100 jou

Ann di yon jou, ou resevwa yon kado inatandi, oswa yon bonis: $80 oswa $75, oswa menm $ 100!

Men saw ap fè:

Mete $80 a nan anvlòp #80 a

               Oswa Mete $75 a nan anvlòp #75 a

               Oswa Mete $100 a nan anvlòp #100 an.

Answit, kontinye PLEN ANVLÒP VID YO

Sonje byen, pwosesis sa a pral pran 100 jou, apeprè 3 mwa. Tanpri pran pasyans ak tèt ou, mete disipline epi prepare tèt ou pou gen yon KOB AN PLIS USD $ 5,000 !

Pi gro envestisman ou ka fè se nan edikasyon w

Leu ou gen edikasyon finansyè, ou gen disiplin, siksè a deja garanti. Patisipe nan klas nou fè sou ZOOM pou apran’n jere lajan w, ogmante kredi w nan etazini, retire tèt ou nan dèt, envesti ak entelijans etc.

Subscribe and receive important information !
Please enable JavaScript in your browser to complete this form.
Name
Leave a comment

Shopping cart

×